Objektif prensipal Plan Sèvis Transpò Imen pou Transpò an Komen (Plan Kowòdone) a se pou amelyore kowòdinasyon ant ajans transpò an komen yo ak lòt founisè transpò yo pou reponn a bezwen transpò granmoun ak moun andikape yo pi byen. Plan Kowòdone a reyalize sa lè li idantifye bezwen popilasyon sa yo epi fikse priyorite rejyonal pou envestisman nan transpò ak inisyativ pou sèvis imen ak kowòdinasyon transpò an komen an. Anplis, Plan Kowòdone a oryante òganizasyon nan rejyon an nan devlopman aplikasyon pou pwogram Seksyon 5310, Administrasyon Federal Transpò an Komen an (FTA: Federal Transit Administration), ki se Pwogram pou Mobilite Amelyore Granmoun ak Moun Andikape yo.
Nan rejyon Boston nan, plan sa defini sa ki vini apre yo:
Sou rekòmandasyon FTA, yo mete Plan Kowòdone Òganizasyon Planifikasyon Rejyon Metwopolitèn (MPO: Metropolitan Planning Organization) nan ajou chak kat ane nan kowòdinasyon ak Plan Transpò Alontèm nan (LRTP: Long-Range Transportation Plan). Plan Kowòdone rejyon Boston ajou a ranplase Plan Kowòdone 2015MPO a e li ta dwe rele Pwogram Sibvansyon Transpò an Komen Kominotè apati sik aplikasyon ane fiskal 2021 eta a.
Chapit 2 a dokimante sèvis tanspò ki egziste deja nan rejyon Boston. Divès founisè piblik, òganizasyon ki pa pou pwofi, ak founisè prive k ap dirije sèvis transpò an komen nan rejyon an.
Founisè transpò an komen rejyon an ki desèvi vil MPO rejyon Boston yo, ki genyen ladan yo founisè sa yo:
Anplis MBTA ak RTA yo, gen plizyè Asosyasyon Jesyon Transpò (TMA: Transportation Management Associations) k ap fonksyone nan rejyon an. Yon TMA se yon kowalisyon biznis ki baze sou manm, inivèsite ak lòt enstitisyon ak minisipalite ki kolabore pou bay solisyon transpò pou pasaje yo. Genyen 10 TMA nan rejyon Boston nan. TMA yo bay transpò pou anplwaye ki manm TMA a e kèk fwa, pou piblik la.
Sou plan lokal, anpil minisipalite ofri sèvis transpò pou granmoun yo ak / oswa moun ki andikape. Konsèy sou Vyeyès (COA: Council on Aging) bay sèvis sipò ki ka genyen ladan l transpò pou granmoun, pou fanmi ak moun k ap bay swen. Kèk minisipalite ofri transpò lokal tou pou tout rezidan yo, tankou bis Lexpress Lexington.
Kèk òganizasyon ki pa pou pwofi ak enstitisyon prive lokal yo dirije sèvis transpò an komen nan rejyon an pou anplwaye, pasyan, ak elèv ant divès kanpis ak katye nan vwazinaj yo. Yo bay sèvis transpò lokal ki pi piti tou pou granmoun oswa moun ki andikape yo. Konpayi prive abi likratif pou swen granmoun ak konpayi taksi toupatou nan rejyon an ka bay transpò tou.
Anplis, plizyè founisè transpò long distans fonksyone nan rejyon an. Konpayi ki pa pou pwofi yo ofri sèvis oubyen bato pou transpò long distans ak touris. Pandan tan sa, Amtrak, yon antrepriz prèske piblik, bay sèvis tren nan rejyon Boston nan.
Finalman, plizyè pwogram chofè volontè ap fonksyone nan rejyon Boston ki bay transpò pou granmoun ak moun ki andikape yo. Sa yo fonksyone nan minisipalite ki presize yo, ki limite a granmoun ak moun andikape yo, e ki ka bay sèlman kèk kalite deplasman.
Chapit 3 a bay done demografik sou granmoun ak moun andikape nan rejyon an ansanm ak pwojeksyon demografik pou popilasyon granmoun yo pou 2040. Devlope yon konpreyansyon sou done demografik kounye a ak sa k ap chanje yo sou popilasyon sa yo ki bay enfòmasyon enpòtan pou pèsonèl la pran angajman piplik pou idantifye bezwen transpò ki pa satisfè yo nan tout rejyon an.
Nan rejyon Boston nan, 13.4 pousan popilasyon an tonbe nan definisyon FTA pou yon granmoun (moun ki genyen 65 an oswa plis). Apati lane 2010, Boxborough genyen pi piti kantite granmoun, ak 421 moun, alòske Boston genyen plis, avèk 62,237 moun.
Nan rejyon Boston nan, yo te repòte 459,866 moun, oubyen 10.4 pousan popilasyon an, genyen yon enfimite nan Ankèt Kominote Ameriken 2013-17 la.1 Boxborough genyen pòsyon moun ki gen enfimite ki pi ba nan rejyon Boston nan, avèk 5 pousan, alòske Holbrook genyen pòsyon ki pi elve a, avèk 16.7 pousan.
Granmoun nan rejyon Boston yo gen plis chans pase rès popilasyon an pou genyen yon enfimite. Apeprè yon tyè granmoun yo genyen yon enfimite, pa rapò ak 7.6 pousan moun ant laj 18 ak 64 an ak 3.9 pousan moun ki pi jèn pase laj 18 tan ki genyen yon enfimite, byenke genyen plis moun nan tranch 18 ak 64 an an ki genyen yon enfimite.
Pwojekyson demografik yo montre ke yo prevwa pou pòsyon popilasyon 75 an oubyen ki pi gran yo ogmante ant 2010 ak 2040.2 Imaj ES-1 la montre detay aktyèl ak previzyon pou tranch laj popilasyon k ap viv nan fanmi yo an 2010 ak 2040.3
Imaj ES-1
Pwojeksyon Popilasyon pa Tranch Laj, 2010 ak 2040
Sous: Done ki soti nan Enstiti Donahue Inivèsite Massachusetts ak Konsèy Planifikasyon Zòn Metwopolitèn nan.
Yo pa t devlope pwojeksyon demografik pou moun ki andikape yo. Men, apeprè yon tyè granmoun yo genyen yon enfimite. Avèk yon previzyon ogmantasyon nan pòsyon popilasyon nan tranch laj sa, pòsyon popilasyon ki andikape a ka ogmante tou. Done sa yo sijere ke MPO ak lòt ajans planifikasyon transpò ak founisè yo ap bezwen planifye deplizanpli pou bezwen transpò granmoun ak moun ki andikape yo pandan y ap prepare pou yon ogmantasyon pòsyon popilasyon rejyon an.
Chapit 4 la dekri konsyantizasyon piblik ki fèt ak rezilta kle ki mennen nan definisyon bezwen ki pa satisfè yo, estrateji, ak priyorite pou amelyorasyon mobilite pou granmoun ak moun ki andikape yo nan rejyon Boston.
FTA a divize kalite projè ki kalifye yo an pwojè kapital tradisyonèl ak pwojè ki pa tradisyonèl, alòske benefisyè ki kalifye yo divize an benefisyè ak sou-benefisyè dirèk.
FTA a defini pwojè kapital tradisyonèl yo kòm sa ki planifye, fèt epi reyalize pou reponn a bezwen transpò espesyal pou granmoun ak moun ki andikape yo lè transpò an komen an pa sifi, pa apwopriye oubyen pa disponib. Pwojè ki pa tradisyonèl yo defini kòm sila ki depase sèvis transpò Lwa sou Ameriken ki gen Enfimente (ADA: Americans with Disabilities Act ), amelyore aksè pou sèvis wout fiks epi diminye depandans moun ki andikape yo sou sèvis adapte konplemantè ADA a, oubyen bay lòt chwa pou transpò piblik ki ede granmoun ak moun ki andikape yo nan transpò. Règleman FTA yo presize tou kijan finansman an ta dwe repati ant kalite pwojè sa yo—omwen 55 pousan nan fon pwogram nan dwe itilize pou pwojè tradisyonèl yo epi rès 45 pousan an ka itilize pou pwojè ki pa tradisyonèl yo.
Benefisyè dirèk pwogram finansman Seksyon 5310 yo dwe se otorite eta oubyen gouvènman lokal yo, alòske òganizasyon ki pa pou pwofi ak lòt enstitisyon k ap gouvène sèvis transpò an komen yo ka sou-benefisyè.
Pèsonèl MPO a te fè sansibilizasyon atravè aktivite prezans ak ankèt anliy ak ofisyèl minisipal yo, founisè transpò an komen yo, ajans sèvis imen yo, ak manm piblik la pou kòmantè sou bezwen transpò ki pa satisfè pou granmoun ak moun ki andikape yo.
Baze sou 914 kòmante nou te resevwa, pèsonèl MPO a te divize done yo an domèn sa yo:
Imaj ES-2 ki anba a montre konpozisyon kòmantè yo (ki lye swa ak bezwen oubyen estrateji ak aksyon yo) pa domèn.
Imaj ES-2
Pòsyon Kòmantè yo pa Domèn
Sous: MPO Rejyon Boston.
Tablo ES-1 an fè rezime bezwen transpò ki pa satisfè yo ak estrateji ak aksyon ki posib pou reponn a bezwen sa yo, jan yo idantifye nan angajman piblik la.
Tablo ES-1
Rezime Bezwen Transpò ki pa Satisfè pou Granmoun ak Moun ki Gen Enfimite ak Estrateji ak Aksyon ki Posib pou Reponn a Bezwen sa yo
Domèn |
Deskripsyon Domèn |
Bezwen Transpò ki pa Satisfè |
Estrateji ak Aksyon Posib |
---|---|---|---|
Nouvèl Teknoloji |
Kontribisyon ki lye ak teknoloji k ap chanje, oubyen ki ka chanje, fason moun gen aksè epi itilize transpò (tankou aplikasyon telefòn selil, machin otomatize ak TNC yo) |
|
|
Sèvis Kliyan |
Kontribisyon ki lye ak sèvis kliyan operatè transpò yo bay, ki genyen ladan yo konpòtman chofè ak kominikasyon ak pasaje yo |
|
|
Tandans demografik |
Done ki lye ak tandans demografik ki ka afekte sèvis transpò a alavni |
|
|
Edikasyon |
Done ki lye ak opòtinite edikatf ak fòmasyon sou fason pou itilize transpò piblik |
|
|
Amelyorasyon Enfrastrikti |
Done ki lye ak mentnans nouvo enfrastrikti transpò oubyen sa ki la deja yo |
|
|
Kowòdinasyon ant ajans |
Done ki lye ak kowòdinasyon ant founisè sèvis transpò yo |
|
|
Amelyorasyon Sèvis Transpò |
Done ki lye ak ekspansyon sèvis transpò piblik yo (ki genyen ladan yo nouvo wout transpò piblik, frekans ak lè operasyon yo) |
|
|
Amelyorasyon Veyikil yo |
Done ki lye ak aksesibilite veyikil yo. |
|
|
ADA = Americans with Disabilities Act (Lwa sou Ameriken ki Gen Enfimite). COA = Council on Aging (Konsèy sou Vyeyisman). RTA = Regional transit authority (Otorite Rejyonal Transpò an Komen). TNC = Transportation network company (Konpayi rezo transpò).
Priyorite ki site anba yo ta ka ede amelyore kowòdinasyon ant sèvis transpò pou granmoun ak moun ki andikape yo nan yon fason ki rantab, padan y ap devlope opsyon pou granmoun ak moun ki andikape yo.
Akoz gwosè rejyon Boston ak kantite ak gwosè diferan ajans ki ofri sibvansyon ak asistans teknik, li t ap maladwa pou priyorize estrateji ak aksyon ki baze sou resous ki disponib yo. Olye sa, Tablo ES-2 a bay yon lis kèk nan finansman eta ak federal ki disponib nan Depatman Transpò Massachusetts, MPO, ak PAPC (region’s regional planning agencies: ajans planifikasyon rejyonal rejyon an) ki ta ka soutni evantyèlman aplikasyon estrateji ak aksyon ki site nan Chapit 4 la, anplis pwogram Seksyon 5310 la.
Tablo ES-2
Resous Finansman Eta a
Ajans |
Sous Finansman |
Deskripsyon |
Kalite Resous |
---|---|---|---|
MassDOT |
Bay finansman pou kapital ak depans operasyon ak jesyon mobilite pou amelyore mobilite pou granmoun ak moun ki andikape yo. Li genyen ladan l pwogram finansman Seksyon 5310 FTA a. |
Aplikasyon Pwojè |
|
MPO Rejyon Boston |
Bay finansman pou pwojè enfrastrikti transpò yo. Yon pòsyon finansman total ki disponib la rezève chak ane pou pwogram envestisman Koneksyon Kominotè, k ap kòmanse aksepte aplikasyon pou ane finansman pilòt la nan otòn 2019. Pwojè ki kalifye yo se:
|
Aplikasyon Pwojè |
|
MPO ak CTPS Rejyon Boston |
Bay ofisyèl minisipal yo konsèy teknik sou pwoblèm transpò lokal yo, ki genyen ladan yo, sekirite, aksè bisiklèt ak pyeton, paking, ak reyamenajman chose |
Asistans teknik |
|
MPO Rejyon Boston |
Bay RTA, TMA ak minisipalite yo èd pou abòde pwoblèm transpò an komen ki lye ak planifikasyon wout, achalandaj, rantabilite, ak lòt karakteristik yo. |
Asistans teknik |
|
MAPC |
Etid Planifikasyn Trajè / Sou-Zòn |
Bay asistans teknik pou abòde jesyon paking lokal ak planifikasyon miltimodal nan tout trajè a ak operasyon sèvis transpò an komen yo. |
Asistans teknik |
MAPC |
Planifikasyon ak Kowòdinasyon nan Mod Altènatif |
Bay sipò planifikasyon pou fè itilizasyon mòd ki pa SOV yo pwogrese, ki genyen ladan yo, èd nan zòn ki RTA yo mal desèvi kote genyen lakin nan rezo transpò an komen an |
Asistans teknik |
FTA = Federal Transit Administration (Administrasyon Federal Transpò an Komen). MAPC = Metropolitan Area Planning Council (Konsèy Planifikasyon Zòn Metwopolitèn) MassDOT = Massachusetts Department of Transportation (Depatman Transpò Massachusetts). MPO = Metropolitan Planning Organization (Òganizasyon Planifikasyon Metwopolitèn). TMA = transportation management association (Asosyasyon jesyon transpò). RTA = Regional transit authority (Otorite rejyonal transpò an komen). SOV = single-occupancy vehicle (veyikil ki pa gen yon sèl moun ladan l).
Plan Kowòdone a te pwodui ak done ki soti nan men founisè transpò an komen, sèvis imen ak lòt òganizasyon ki sèvi granmoun ak moun ki andikape yo, minisipalite, ak manm piblik la. Plan an dokimante sèvis transpò ki la deja yo nan rejyon Boston nan; dekri modèl ak previzyon demografik aktyèl rejyon an; epi idantifye bezwen transpò ki pa satisfè, estrateji pou reponn a bezwen sa yo, ak priyorite pou mete anplas yo.
An jeneral, pifò kòmantè ki soti nan angajman piblik la yo lye ak amelyorasyon sèvis transpò yo, epi amelyorasyon enfrastrikti transpò a vini apre. Byenke gen anpil opsyon transpò nan rejyon Boston nan, yon mank kowòdinasyon ant ajans yo kontinye yon baryè pou gen aksè ki amelyore nan destinasyon yo. Rapò a genyen ladan l kèk estrateji posib pou abòde bezwen sa yo ak priyorite mizanplas ki posib yo. Yo prevwa mete Plan Kowòdone rejyon Boston nan ajou ankò nan kat an nan kowòdinasyon ak pwochen mizajou LRTP planifye MPO a, dapre rekòmandasyon federal la.
1 Moun ki gen enfimite se moun ki idantifye tèt yo ke yo genyen youn oubyen plis nan enfimite fizik ak / oswa mantal sa yo: difikilte pou tande, difikilte pou wè, difikilte konyitif, difikilte mobil, difikilte pou pran swen tèt yo, oubyen difikilte pou viv nan fason endepandan.
2 Pwojeksyon demografik yo devlope pou LRTP yo idantifye granmoun yo kòm popilasyon 75 an oubyen ki pi gran.
3 Popilasyon k ap viv nan yon fanmi lejèman pi piti pase popilasyon total la. Kontaj popilasyon an genyen ladan l moun k ap viv an gwoup yo, alòske li pa genyen ladan l popilasyon k ap viv nan yon fanmi.