Òganizasyon Planifikasyon Metwopoliten Rejyon Boston                   Ete 2021

Photo of MBTA Bus

 

 

Gid POP a

Gid Ou pou Pwogram Sansibilizasyon Piblik MPO Rejyon Boston nan

Èske ou se yon lidè kominotè, avoka, ofisyèl ki eli, ibanis, oswa moun ki vle aprann plis sou kijan pou angaje nan pwosesis planifikasyon transpò rejyonal la? Alò gid sa se pou ou.

 

Nan gid  sa

Pwogram Sansibilizasyon Piblik MPO Rejyon Boston nan (Public Outreach Program, POP)

Manm MPO Rejyon Boston yo

Objektif MPO yo

Opòtinite pou angaje nan pwosesis planifikasyon an

Prensip sansibilizasyon piblik MPO a

Istorik MPO yo

 

Kisa Pwogram Sansibilizasyon Piblik MPO a ye?

Pwogram Sansibilizasyon Piblik (Public Outreach Program, POP), Òganizasyon Metwopoliten (Metropolitan Organization, MPO) Rejyon Boston nan se estrateji MPO a ki enkli tout moun ki nan pwosesis planifikasyon transpò rejyonal Boston nan. Pwogram nan ap lite pou asire ke yo bay tout manm piblik la opòtinite pou patisipe, ki enkli popilasyon ke sistèm transpò a te defavorize yo epi ki manke aksè nan pwosesis pou pran desizyon an. POP a oryante efò MPO a pou ofri opòtinite kontini epi enpòtan pou manm piblik la pou enfliyanse epi fasone jan yo pran desizyon transpò nan rejyon an. POP a kouvri tout aktivite sansibilizasyon nan rankont MPO yo nan fowòm sou plas ak anliy yo, kominikasyon dijital, ak evènman sansibilizasyon tanporè yo.

Map of Boston Region MPO

 

MPO Rejyon Boston nan kwè ak fèmte ke angajman piblik ki enpòtan fè pati travay planifikasyon transpò òganizasyon an. Angajman piblik la amelyore jan yo pran desizyon lè li ede fè limyè sou benefis sosyal, ekonomik ak anviwònmantal ak dezavantaj desizyon transpò yo epi lè yo apiye yon sikwi kòmantè kontini nan sikonstans ki toujou ap evolye yo.

 

Kesyon, Kòmantè, Refleksyon? Kontakte pèsonèl MOP a

Kowòdonatè Sansibilizasyon Piblik

publicinfo@ctps.org, 857.702.3658

 

 

Kiyès ki konpoze konsèy MPO Rejyon Boston lan?

Photo of Longfellow Bridge

Zòn planifikasyon MPO Rejyon Boston lan anglobe 97 minisipalite ak apeprè 3,522 kilomèt kare soti Boston rive Ipswich nan nò, soti Marshfield rive nan sid, ak apeprè 495 Interstate nan lwès. Li se fwaye plis pase twa milyon moun epi sipòte plis pase de milyon djòb.

 

Konsèy MPO a konpoze ak 24 manm konsèy eta, rejyonal, minisipal, k ap travay nan kowoperasyon pou pran desizyon sou planifikasyon rejyonal ak priyorite finansman yo. Reprezantan minisipal yo eli chak twa zan sou yon baz kontini. Vil Boston nan gen de syèj pèmanan. Ansanm ak reprezantan ki soti nan minisipalite atravè rejyon an, gen senk syèj pèmanan pou ajans transpò yo ki enkli, MassDOT, MBTA, ak MassPort. Konsèy Planifikasyon Zòn Metwopolitèn nan (Metropolitan Area Planning Council, MAPC), Konsèy Konsiltatif MBTA a ak Konsèy Konsiltatif MPO a genyen syèj pèmanan tou. Vizite sitwèb MPO Rejyon Boston nan pou wè lis Konsèy MPO Rejyon Boston ki pi ajou a.

 

Ki objektif MPO yo ?

Photo of MBTA Commuter Rail train

Kongrè a te kreye MPO a pou fè pwomosyon ant ajans eta, òganizasyon, ak vil ak minisipalite lokal yo ki enplike nan planifikasyon transpò rejyonal la. Konsèy MPO ki eli a chaje puo deside sou kijan pou depanse yon pòsyon nan lajan transpò federal la pou rejyon an sou etid transpò estaf MPO a te fè ak pwojè konstriksyon yo. Konsèy la te apwouve tou tout fon transpò federal yo te itilize nan rejyon an, ki enkli finansman pou transpò piblik, pwojè wout, bisiklèt ak pyeton. Finansman MPO a ap etabli atravè lejislasyon transpò, sa ki pi resan an se Lwa sou Reparasyon Sifas Transpò Amerik (FAST: Fixing America’s Surface Transportation) 2015 lan.

 

MPO Rejyon Boston nan egzèse sèt fonksyon prensipal

  1. Etabli epi jere yon kad ki jis epi san pati pri pou yo pran desizyon rejyonal nan fason ki efikas nan rejyon Boston.
  2. Evalye amelyorasyon potansyèl nan sistèm transpò nan rejyon Boston nan epi etidye pwoblèm transpò ki enpòtan sou plan rejyonal atravè Pwogram Travay Planifikasyon Inifye a (Unified Planning Work Program, UPWP)
  3. Prepare epi kenbe yon Plan Transpò Alontèm (Long-Range Transportation Plan, LRTP), pou rejyon Boston nan, avèk yon orizon 20 tan minimòm ki fikse vizyon transpò, domèn vizyon, ak objektif  MPO a; etabli pwogram envestisman; epi planifye gwo envestisman transpò
  4. Devlope yon Plan Amelyorasyon Transpò (Transportation Improvement Program, TIP) chak ane ki dekri pwojè transpò ki finanse nan chak pwogram envestisman pou reyalize objektif LRTP a
  5. Angaje piblik la lè li ofri tout moun ki enterese yo opòtinite pou angaje nan tout fonksyon desizyon MPO a pran yo atravè Pwogram Sansibilizasyon Piblik la (Public Outreach Program, POP)
  6. Asire konfòmite ak dwa sivil federal ak eta yo ak egzijans pou pa gen diskriminasyon atravè Pwogram Ekite Transpò a, epi envesti nan pwojè transpò ak etid yo ki amelyore aksè, mobilite, sekirite, ak lòt rezilta pou gwoup ki defavorize yo pandan y ap minimize chaj ki danjere yo
  7. Planifikasyon ki Baze sou Pèfòmans lè yo etabli sib epi evalye enpak akzyon MPO yo

 

Kijan ou ka enplike?

Photo of a microphone

 

Konsèy Konsiltatif la

Konsèy Konsiltatif la se yon kò endepandan ki pote pwennvi piblik ak konsèy sou planifikasyon transpò pou MPO Rejyon Boston nan. Abònman li a genyen ladan l minisipalite, òganizasyon pwofesyonèl, gwoup defans transpò, ak lòt ajans eta yo.

 

Plan Sansibilizasyon Piblik la

Plan Sansibilizasyon Piblik MPO a oryante efò nou pou asire nou ke tout moun gen aksè nan pwogrè planifikasyon transpò rejyonal la. Pou li plis sou enstriksyon, politik, ak egzijans nou yo, li tout plan ki sou sitwèb MPO yo nan bostonmpo.org/public_involvement.

 

Kisa prensip sansibilizasyon piblik MPO yo ye?

MPO a ap lite pou li ouvè epi angaje, epi pou travay ansanm ak chak moun ki enterese nan pwogram li yo. MPO a ankouraje kontribisyon piblik nan tout aspè lè l ap pran desizyon. MPO a angaje pou favorize yon pwosesis sansibilizasyon piblik ki solid epi ki enkli tout moun pou planifikasyon transpò rejyonal la. Prensip sa yo oryante efò MPO yo nan sansibilizasyon piblik.

Photo of a public meeting

Poukisa MPO a te kreye?

MPO yo nan yon gran pati se te yon reyaksyon peryòd konstriksyon otowout la nan 1950 yo.

Rendering of a highway interchange circa 1960

 

Pwojè yo, tankou Inner Belt nan Massachusetts, t ap deplase plizyyè milye moun.

Rendering of the proposed Inner Belt

 

Ant 1950-70, « Revòt Otowout » yo te defye planifikasyon otowout konvansyonèl la.

Spray paint on a wall, "Stop I-95 People Before Highways".

 

Nan konbinezon ak mouvman anviwònmantal peyi a, ak adopsyon Lwa sou Kalite Lè federal la, etablisman lòt règleman sou kalite lè, ak kreyasyon EPA a, efò defans sa yo te atire sipò politik ki enpòtan nan revòlt kont otowout yo.

Photo of a highway protest

 

Nan dat 30 novanm 1970, pa lontan apre li te vin Gouvènè Massachusetts, Francis Sargent te deklare yon moratwa sou konstriksyon otowout andedan Route 128 la epi li te mande yon etid miltimodal konplè sou bezwen transpò rejyon yo.

Rally with Governor of Massachusetts, Francis Sargent

 

Atravè Lwa sou Otorout Federal la Finanse 1973 la, yo te bay Òganizasyon Planifikasyon Metwopoliten an pouvwa pou otorize itilizasyon fon transpò federal yo.

 

Pou plis enfòmasyon toujou sou listwa MPO Rejyon Boston nan, vizite sitwèb MPO Rejyon Boston nan.

 

Pou plis detay sou Pwogram Sansibilizasyon Piblik MPO a

Vizite BostonMPO.org/public_involvement.

 

Mèsi pou enterè ou nan MPO Rejyon Boston nan ak pwosesis planifikasyon transpò a!

 

The Boston Region Metropolitan Planning Organization

10 Park Plaza, Suite 2510

Boston, MA 02116

BostonMPO.org

 

 

 

 

Welcome. Bem Vinda. Bienvenido. Akeyi. . 歡迎. Chào mừng.


You are invited to participate in our transportation planning process, regardless of your race, color, national origin (including limited English proficiency), religion, creed, gender, ancestry, ethnicity, disability, age, sex, sexual orientation, gender identity or expression, veteran’s status, or background. Read our full notice of rights and protections.

To request special accommodations, or if you need this information in another language, contact the MPO at 857.702.3700 (voice), 711 (TTY) or ​
civilrights@ctps.org (please allow 14 days). 

Accessibility icon

体中文 (Simplified Chinese)
如果需要使用其它言了解信息,请联系波士大都会组织 (Boston Region MPO) 《民法案》第六章专员电话 857.702.3700.

繁體中文 (Traditional Chinese)
如果需要使用其他語言瞭解資訊,請聯繫波士大都會規劃組織(Boston Region MPO)《民權法案》第六章專員,電話 857.702.3700.

Kreyòl Ayisyen (Haitian Creole)
Si yon moun vle genyen enfòmasyon sa yo nan yon lòt lang, tanpri kontakte Espesyalis Boston Region MPO Title VI la nan nimewo 857.702.3700.

Español (Spanish)
Si necesita esta información en otro idioma, por favor contacte la Boston Region MPO al 857.702.3700.

Tiếng Việt (Vietnamese)
Nếu quý vị cần thông tin này bằng một ngôn ngữ khác, vui lòng liên lạc Boston Region MPO theo số 857.702.3700.

Português (Portuguese)
Caso estas informações sejam necessárias em outro idioma, por favor, contate o MPO da Região de Boston pelo telefone 857.702.3700.