Rezime Egzekitif

KISA MPO REJYON BOSTON NAN YE?

Desizyon konsènan fason pou alwe fon transpò nan yon rejyon metwopolitèn oryante pa enfòmasyon ak ide yo rekeyi nan men yon gwo gwoup moun, ki enkli ofisyèl eli yo, planifikatè minisipal ak enjenyè yo, defansè transpò ak rezidan ki enterese yo. Òganizasyon planifikasyon metwopolitèn nan (Metropolitan planning organizations, MPO) se kò ki responsab pou bay yon kad pou pran desizyon. Lejislasyon federal la egzije chak zòn metwopolitèn nan Etazini ki gen yon popilasyon 50,000 moun oswa plis—yo rekonèt tou kòm yon zòn ibanize—pou etabli yon MPO ki deside kijan pou depanse fon transpò federal pou pwojè kapital ak etid planifikasyon pou zòn nan.

Jiridiksyon ak Manm MPO Rejyon Boston

Zòn planifikasyon MPO Rejyon Boston nan etann nan 97 vil nan nò Boston rive Ipswich, sid Marshfield, ak lwès Interstate 495.

Imaj ES-1 la montre kat minisipalite manm MPO Rejyon Boston yo.

Imaj ES-1
Minisipalite nan Rejyon Boston

 

This is a map of the cities and towns in the Boston Region. There are 97 cities and towns within the Boston Region Metropolitan Planning Organization’s planning area.

Konsèy MPO a konpoze ak 22 manm ki ka vote. Plizyè ajans eta, òganizasyon rejyonal, ak Vil Boston se manm votan pèmanan, alòske 12 minisipalite yo eli kòm manm votan pou tèm twa lane. Uit manm minisipal reprezante chak uit sou-rejyon nan rejyon Boston nan, e genyen kat gwo syèj minisipal. Administrasyon Otowout Federal la (Federal Highway Administration, FHWA) ak Administrasyon Transpò Federal la (Federal Transit Administration, FTA) patisipe nan konsèy MPO a kòm manm (ki pa vote). Ou ka jwenn plis detay sou manm pèmanan MPO a nan Appendix F.


Imaj ES-2 la montre manm MPO ak òganizasyon Staf Planifikasyon Transpò Santral la (CTPS), ki sèvi kòm staf MPO a.

Imaj ES-2
Tablo Òganizasyon MPO Rejyon Boston

 

This figure shows the organizational chart for the Boston Region Metropolitan Planning Organization and the Central Transportation Planning Staff.

Pwosesis Planifikasyon Transpò

Gouvènman federal la règlemante finansman, planifikasyon ak operasyon sistèm transpò sifas la atravè pwogram transpò federal la, ki te adopte an lwa atravè Atik 23 ak 49 Kòd Etazini an. Seksyon 134 Atik 23 Lwa sou Èd Federal pou Otowout ak Seksyon 5303 Lwa sou Transpò Federal la, jan li te amande a, egzije zòn ibanize yo fè yon pwosesis planifikasyon transpò pou kalifye pou fon federal yo, ki abouti sou plan ak pwogram enpòtan ki gen objektif planifikasyon zòn metwopolitèn nan.

Lè dokiman sa fini, lòt otorizasyon ki pi resan nan lwa sou transpò sifas la se Lwa sou Reparasyon Sifas Transpò Amerik la (FAST: Fixing America’s Surface Transportation). Lwa FAST la fikse règleman ki lye ak planifikasyon transpò metwopolitèn nan. Lwa a egzije tout MPO yo reyalize yon pwosesis planifikasyon kontini, konplè epi kolaboratif (continuing, comprehensive, and cooperative, 3C) Nan kad pwosesis planifikasyon 3C a, MPO Rejyon Boston nan fè Pwogram Amelyorasyon Transpò (Transportation Improvement Program, TIP) ak Pwogram Travay Planifikasyon Inifye (Unified Planning Work Program, UPWP) chak ane. Dokiman sa yo, ansanm ak Plan Transpò Alontèm (Long-Range Transportation Plan, LRTP), se dokiman sètifikasyon epi ki obligatwa pou MPO a sètifye yo kòm egzijans rankont federal; sètifikasyon sa se yon prereki pou resevwa fon transpò federal yo. Anplis egzijans pou fè dokiman sètifikasyon yo, MPO a dwe etabli epi fè yon pwosesis patisipasyon piblik ki enklizif, epi kenbe modèl ak resous done pou sipòte desizyon sou konfòmite nan kalite lè, analiz ekite nan transpò, ak travay ak inisyativ planifikasyon alontèm ak akoutèm.

Anèks E a eksplike kontèks règlemantè ak lejislatif kote MPO a opere nan plis detay.

Pwosesis Planifikasyon 3C a

Pwosesis Planifikasyon 3C a se yon apwòch pou fè planifikasyon transpò ki enpòtan. Gouvènman federal la egzije MPO a fè yon pwosesis ki kontini, konplè epi kolaboratif:

Chapit 1 explains an eksplike pwosesis 3C a nan plis detay.

 

KISA UPWP A YE?

UPWP a ke MPO Rejyon Boston nan fè, eksplike kijan fon planifikasyon transpò federal rejyon Boston nan ap depanse nan yon ane fiskal kèlkonk (FFY). Espesyalman, UPWP se yon plan finansye ki fèt nan konfòmite ak pwosesis planifikasyon transpò metwopolitèn ki dekri anwo a.

Devlopman UPWP a enplike pou priyorize tout etid planifikasyon transpò potansyèl ak analiz teknik ki ta ka fèt pou benefisye rejyon an nan yon ane kèlkonk. Nivo ak bidjè etid ki priyorize yo dokimante nan UPWP a. Objektif la se pou asire ke rezilta etid yo ede reyalize objektif transpò ke MPO a te fikse pou rejyon an atravè pwosesis piblik li yo.

UPWP a sèvi kòm yon sous pou enfòmasyon sa yo:

Kijan UPWP a lye ak objektif MPO Rejyon Boston nan?

MPO Rejyon Boston nan fè plan pou transpò rejyon Boston alavni. MPO a gide pa yon vizyon 20 lane pou yon sistèm transpò modèn, sekirize, ekitab, dirab epi avanse sou plan teknolojik pou rejyon an. Vizyon sa dekri nan LRTP aktyèl, Destinasyon 2040 MPO a. Travay planifikasyon transpò a ki finanse nan UPWP a se yon pati entegral nan reyalizasyon vizyon rejyonal sa.

Objektif transpò rejyon Boston nan, jan li defini nan Destinasyon 2040 lan, se konsa:

  1. Sekirite: Tout mwayen transpò yo ap sekirize.
  2. Sistèm Konsèvasyon: Kenbe epi modènize sistèm transpò a epi planifye pou rezistans li.
  3. Lè Pwòp / Kominote Pwòp : Kreye yon sistèm transpò ki ekolojik.
  4. Kapasite Jesyon / Mobilite : Itilize kapasite fasilite ki la deja a nan fason ki pi efikas epi ogmante opsyon transpò yo.
  5. Ekite transpò: Asire ke tout moun resevwa benefis envestisman MPO yo ki konparab, epi ki pa gen eka nan fason ki pa pwopòsyonèl, kèlkeswa ras, koulè, orijin nasyonal, laj, revni, kapasite oubyen sèks.
  6. Vitalite ekonomik: Asire ke rezo transpò nou an bay yon fondasyon ki solid pou vitalite ekonomik.

MPO a nan pwosesis pou devlope pwochen LRTP a kounye a. Anplis LRTP ak UPWP a, MPO a fè TIP pou rejyon Boston nan. Menm jan ak plan envestisman kapital akoutèm MPO a, TIP a dekri epi priyorize pwojè konstriksyon transpò ke yo prevwa pou mete anplas pandan peryòd senk an k ap vini an. Imaj ES-3 la reprezante relasyon ant vizyon ak objektif LRTP yo; fondasyon planifikasyon pou travay MPO a, UPWP a; TIP; ak pwosesis pou kontwòl ak evalyasyon pou reyalizasyon objektif rejyon an.

Imaj ES-3
Lyen ant LRTP, TIP, ak UPWP

This figure shows the relationships between the planning and programming documents that the MPO creates in order to guide transportation planning and investment throughout the region. The figure shows the relationships between the LRTP, TIP, and UPWP. Performance measures and performance targets allow the MPO to monitor progress and evaluate their approach to transportation planning and improvements in the region.

Kisa fon planifikasyon metwopolitèn federal yo ye?

Total finansman federal ki pwograme nan UPWP sa se 5,663,982 dola. Se Depatman Transpò Massachusetts la (Massachusetts Department of Transportation, MassDOT) ki bay MPO Rejyon Boston nan tout fon federal ki pwograme nan UPWP a kòm fon Planifikasyon 3C FHWA (PL). Men, finansman federal sa yo soti nan de sous okòmansman: FHWA ak FTA. Finansman federal yo, ki konplete pa yon kontrepati lokal MassDOT bay, genyen ladan yo sous inisyal sa yo:

Èske gen lòt sous finansman nan UPWP a?

Wi, anplis travay MPO a finanse yo, CTPS la reyalize analiz planifikasyon ak etid ajans transpò eta a finanse, ki enkli MassDOT, Otorite Transpò Bè Massachusetts (Massachusetts Bay Transportation Authority, MBTA), ak Otorite Pòtyè Massachusetts (Massachusetts Port Authority, Massport). Ou ka jwenn plis detay sou etid ajans sa yo finanse nan Chapit 5 lan. Pou ane fiskal federal 2022 an, montan finansman ajans ki pwograme nan UPWP sa pou pwojè estaf MPO a reyalize se sa ki annapre yo:

KI ETID AK AKTIVITE KI NAN UPWP ANE FISKAL FEDERAL 2022 SA?

Nan chapit k ap vini yo, gen enfòmasyon ki detaye sou pwogram travay, etid, aktivite sipò ak analiz teknik ki òganize nan kategori sa yo:

Tablo ES-1 la genyen bidjè ki alwe pou aktivite planifikasyon 3C MPO a nan ane fiskal federal 2022 an. Tablo a reflete fon PL metwopolitèn FHWA ak fon Seksyon 5303 FTA yo, ke CTPS ak MAPC preva depanse nan ane fiskal federal 2022 an. Tablo a reflete tou travay CTPS la fè ak fon lòt ajans transpò yo bay yo tou.

Chapit 3 rive nan chapit 6 yo bay enfòmasyon ki detaye sou aktivite planifikasyon transpò CTPS la ap fè pandan ane fiskal federal 2022 an. Nouvo etid yo chwazi nan ane fiskal federal 2022 yo rezime anba a nan Tablo ES-2 a epi yo dekri yo nan plis detay nan Chapit 4 la.

Tablo ES-1
Bidjè Pwogram Travay Planifikasyon Inifye pou Ane Fiskal Federal 2022

 

Etid ak Pwogram 3C pa Kategori Bidjè Bidjè CTPS
yo pwopoze pou
Ane fiskal federal 2022
Jesyon Resous ak Aktivite Sipò $500,000
Egzijans Sètifikasyon MPO $2,847,985
Etid Planifikasyon ak Analiz Teknik Kontini MPO a Finanse $304,500
Nouvo Etid Separe MPO a Finanse $600,000
Finansman PL MassDOT Dirije* $271,505
Sipò Dirèk $92,000
Total pou Etid ak Pwogram 3C CTPS yo   $4,615,990

Travay CTPS Ajans lan Finanse Bidjè CTPS
yo pwopoze pou
Ane fiskal federal 2022
Fon SPR MassDOT $586,600
Lòt fon MassDOT $455,000
Fon MBTA $516,200
Lòt $80,000
Total pou pwojè travay CTPS ajans finanse $1,637,800

Total bidjè CTPS pou ane fiskal federal 2022 (3C + Travay ajans) $6,253,790

Nòt: Chif bidjè yo genyen ladan yo salè, frè jeneral ak soutyen dirèk.
*Pwojè sa fèt nan non MassDOT men li finanse atravè kontra 3C MPO a.

 

Etid ak Pwogram 3C pa Kategori Bidjè MAPC
Bidjè yo pwopoze pou MAPC ane fiskal federal 2022
Etid planifikasyon ak analiz teknik MAPC  $590,988 
Aktivite administrasyon, jesyon resous ak sipò MAPC  $457,000 
Total fon pwograme UPWP pou ane fiskal federal MAPC  $1,047,988 

Travay MPO / 3C ajans lan sipòte Bidjè ane fiskal
federal 2022
yo pwopoze
CTPS  $4,615,990 
MAPC   $1,047,988 
Sou-total bidjè 3C  $5,663,978 

Travay CTPS Ajans lan Finanse  $1,637,800 

Bidjè UPWP ane fiskal federal 2022  $7,301,778 

 



Tablo ES-2
Nouvo etid separe ki finanse nan ane fiskal federal 2022

Nimewo pwojè a Etid oswa pwogram Bidjè CTPS
yo pwopoze pou
Ane fiskal federal 2022
TBD Swivi Jenerasyon Pakou $20,000
TBD Swivi Jesyon Demann Vwayaj   $10,000
TBD Rechèch pou Rekiperasyon apre COVID ak Asistans Teknik $10,000
13422 Abòde pwoblèm sekirite, mobilite ak aksè nan wout priyorite sou-rejyon yo $133,000
13522 Abòde koridò priyoritè nan Evalyasyon Bezwen LRTP a $145,000
13722 Sekirite ak operasyon nan entèseksyon ki chwazi yo $82,000
TBD Faz 3 Avni Koub la $70,000
TBD Abòde kesyon egalite ak aksè nan Blue Hills $40,000
TBD Idantifye inegalite nan kesyon transpò nan Rejyon Boston $70,000
20906 Rechèch estaf la kreye ak asistans teknik $20,000

Total pou nouvo etid separe epi peryodik yo

$600,000


 

KISA PWOSESIS POU KREYE UPWP AK KONTWÒL PWOGRÈ SOU ETID YO YE?

Devlopman UPWP a

Pwosesis pou kreye UPWP a chak ane genyen ladan l kreyasyon ak evalyasyon ide pou nouvo etid, ak mizajou nivo yo epi antisipe rezilta pou aktivite analiz teknik kontini, egzijans sètifikasyon ak aktivite sipò administratif yo.

Ide pou nouvo etid yo soti nan yon konbinezon resous ki annapre yo:

Ide pou nouvo etid yo konpile nan Inivè Etid yo Pwopoze yo. Chak pwopozisyon baze sou fason li t ap ede rejyon an reyalize objektif LRTP yo. Nan chwa lis final etid yo, Komite UPWP a konsidere tou itilite rezilta etid ki pwojte a pou moun ki konsène nan MPO yo; si gen resous anplwaye sifizan ki disponib pou egzekite travay ki nesesè a; e si travay ki gen pou fèt la kowòdone olye li anplis pase travay ki fèt nan lòt ajans yo.

MPO a toujou ap chèche amelyore pwosesis li a atravè priz desizyon ki enklizif api kolaboratif. Pou rezon sa, MPO a ap chèche enplike yon seri pati ki konsène ki anpil epi divèsifye nan tout pwosesis devlopman UPWP a.

Anplwaye MPO yo ap kontinye chèche kontribisyon piblik pou ide pou Inivè Nouvo Etid ki Pwopoze yo epi angaje patisipan yo nan diskisyon, evalyasyon epi finalman priyorize edid pou enklizyon nan UPWP a. Anplwaye yo ap kontinye kontwole epi amelyore kanal kominikasyon MPO a tou, tankou sa ki dokimante anba a.

Kisa pwosesis revizyon piblik la ye?

Kòmantè ki soti nan sansibilizasyon piblik yo fòme yon pati enpòtan nan kontribisyon nan UPWP a chak ane. Nan fen pwosesis devlopman UPWP a, MPO a vote pou pibliye pou revizyon piblik yon dokiman bouyon ki dekri travay kontini, nouvo etid, ak enfòmason finansye. Apre sa MPO a envite piblik la fè kòmantè sou Bouyon UPWP a. Anplwaye MPO yo pibliye dokiman an pou telechaje sou sitwèb MPO a (www.bostonmpo.org) epi rann piblikasyon li yo piblik pa yon lis distribisyon imel ki genyen ladan l kontak minisipal, manm piblik la ki enterese ak lòt pati ki enterese nan rejyon an ak rezo sosyo yo. Mesaj imel yo enfòme kontak sa yo sou opòtinite k ap vini pou kòmantè ak enplikasyon piblik yo nan priz desizyon MPO a, epi pou anonse lòt evènman ki patwone oswa MPO a fè. Anplwaye MPO yo mande kontribisyon piblik la tou pandan jounen pòt ouvèt CTPS ak evènman piblik MPO a oswa patnè transpò yo fè yo oswa (ki enkli MassDOT ak MBTA). Anplwaye MPO yo konpile tout kòmantè ki fèt pandan peryòd revizyon piblik la epi prezante yo bay konsèy MPO a.

Yo bay enfòmasyon sou pwosesis revizyon piblik la pou Bouyon UPWP ane fiskal federal 2022 an nan Anèks B.

Kijan yo kontwole pwogrè ak rezilta yo?

MPO a kontwole pwogrè etid ki finanse nan UPWP yo lè li fè travay sa yo:

APESI DOKIMAN SA

Dokiman UPWP a estriktire konsa: