Rezime Egzekitif Rapò Atik VI 2017 MPO Rejyon Boston

ES.1   KONTÈKS AK OBJEKTIF

Òganizasyon Planifikasyon Rejyon Metwopolitèn (MPO: Metropolitan Planning Organization) Rejyon Bostan an responsab pou dirije pwosesis planifikasyon transpò gouvènman federal la egzije (ke yo rele souvan 3C (continuing, cooperative, and comprehensive)—pwosesis—kontini, kooperativ epi konplè) pou zòn metwopolitèn Boston an. MPO a itilize pwosesis sa pou devlope yon vizyon pou rejyon an epi l ap deside apre sa sou fason pou repati fon transpò federal ak eta yo nan pwogram ak pwojè—wout, sikilasyon bisiklèt ak pyeton—ki sipòte vizyon sa. Pou reyalize pwosesis planifikasyon 3C a, MPO a resevwa finansman ki soti nan Administrasyon Sikilasyon Federal la (Federal Transit Administration, FTA) ak Administrasyon Otowout Federal la (Federal Highway Administration, FHWA).1

Antanke yon benefisyè finansman federal sa, MPO a gen obligasyon pou respekte divès lwa sou dwa sivil, lòd egzekitif, ak règleman ki gen objektif pou asire ke popilasyon ki mal desèvi tradisyonèlman yo antre nan pwosesis planifikasyon an epi genyen aksè a aktivite MPO yo.  Otorite dwa sivil prensipal la genyen ladan l:

FTA ak FHWA mande pou MPO a konfòmel l ak dwa sivil  sa yo ke pwogram k ap develope yo egzije pou enkli popilasyon defavorise yo, epi kontwole e repòte regilyèman sou reyisit  pwogram lan.  Efò MPO pou konfòmite yo fèt dapre Atik VI la ak pwogram Ekite Transpò yo (Transportation Equity, TE), ki abòde bezwen transpò popilasyon pwoteje yo sou manda ki diskite anwo yo, analize efè aktivite MPO yo, epi fè sansibilizasyon piblik. Pwogram Atik VI a, ki konsantre espesyalman sou egzijans Atik VI yo, se yon pati nan pi gwo pwogram TE a, ki idantifye epi abòde pwoblèm Jistis Anviwonmantal ak lòt popilasyon ki mal desèvi tradisyonèlman yo, ki enkli sila ki pwoteje sou baz laj, sèks, ak enfimite yo. Anplis de pwogram sa yo, konsiderasyon pou ekite a antye pou tout aspè pwosesis planifikasyon MPO a.

Rapò sa abòde egzijans pou rapò chak twa lane FTA a dapre Atik VI Lwa sou Dwa Sivil 1964 la (Civil Rights Act) ak egzijans pou rapò FHWA a dapre pwogram Atik VI / kont diskriminasyon an. Rapò a reflete efò MPO a pandan twa ane ki pase yo (depi rapò Atik VI anvan li a) pou idantifye pwoblèm transpò presi yo ak bezwen popilasyon pwoteje yo dapre otorite legal ki anlè a yo.  MPO a kwè ke efò sa yo vital pa sèlman akoz yo konfòme ak règleman federal yo, men tou paske yo se pratik planifikasyon transpò solid ki favorize vizyon MPO a pou founi aksè a transpò ekitab ak enplikasyon nan pwosesis pou pran desizyon li a pou tout rezidan nan rejyon an kèlkeswa antesedan yo.

 

ES.2   EGZIJANS JENERAL POU RAPÒ YO

Nan kad pwosesis rapò Atik VI yo, tout benefisyè finansman federal yo, ki enkli MPO yo, dwe founi dokimantasyon ki vini apre yo, kote tout enkli nan rapò sa.

 

ES.3     EGZIJANS POU RAPÒ KI LYE AK MPO YO

Nan objektif pou bay rapò, MPO a gen obligasyon pou kolekte done yo epi fè divès analiz pou evalye enpak aktivite planifikasyon li yo sou popilasyon ki pwoteje yo. Sa enkli analiz karakteristik demografik popilasyon ki pwoteje yo, analiz sou fason envestisman transpò MPO yo distribye, epi detèmine si pwojè MPO finanse yo lakoz enpak diferan oubyen chaj ki pa pwopòsyonèl pou popilasyon minorite ak sa ki gen ti revni yo, nan fason respektif.

Pwofil Demografik

Pou reponn a egzijans Atik VI FTA yo, MPO a te pwodwi pwofil demografik—yon koleksyon kat jewografik ak tablo—sou popilasyon minoritè ak popilasyon LEP yo. Nan repons ak pi gwo egzijans FHWA yo, MPO a te devlope pwofil demografik tou pou lòt popilasyon ki pwoteje, ki enkli popilasyon ki gen ti revni, granmoun, ak moun andikape, fanmi ki pa gen machin, ak fanmi fanm dirije ki gen timoun yo.

Analiz Distribisyon Fon Federal yo

Pwogram Amelyorasyon Transpò (Transportation Improvement Program, TIP)

Pèsonèl MPO a te pwodwi yon analiz epi katografye distribisyon jewografik pwojè yo nan Pwogram Amelyorasyon Transpò (TIP) ane fiskal federal (federal fiscal years, FFYs) 2017–2021 yo. Analiz la revize distribisyon pwojè sib MPO finanse yo ki sèvi zòn analiz transpò (transportation analysis zones, TAZ) ki depase limit rejyonal pou popilasyon TE yo. Kat la montre pozisyon presi pwojè transpò piblik yo nan TIP a. Nan ane fiskal 2012–2021 TIP yo, pèsonèl la te analize distribisyon fon eta ak fon federal yo tou pou pwojè transpò piblik yo pou pasaje ki gen ti revni, ki pa gen ti revni, minorite ak pasaje ki pa fè pati minorite yo. Analiz sa detèmine kantite envestisman pa deplasman pasaje, ki gen rapò ak transpò an komen.

Pwogram Travay Planifikasyon Inifye (Unified Planning Work Program, UPWP)

Pou ane fiskal Pwogram Planifikasyon Travay Inifye (UPWP) 2017 ak 2018 la yo, MPE a te pwodwi yon evalyasyon jewografik sou distribisyon etid MPO a finanse yo. Li site ki kominote nan rejyon an ki te soumèt a etid sa yo, ansanm ak konpozisyon moun ki gen ti revni ak minorite yo.

Idantifikasyon Avantaj ak Chaj yo

MPO a analize tout pwojè yo pwopoze yo  tou, nan Plan Transpò Alontèm li yo (Long- Range Transportation Plan, LRTP), pou idantifye enpak potansyèl—yo rele enpak diferan pou popilasyon minoritè yo ak chaj ki pa pwopòsyonèl pou popilasyon ki gen ti revni yo. Anplis, MOP a te devlope sa pa gen lontan yon metodoloji pou fè analiz ki menm jan pou TIP la. Objektif pou toulede analiz yo se pou detèmine si koleksyon pwojè yo ta ka lakoz enpak ki diferan oubyen chaj ki pa pwopòsyonèl pou popilasyon minoritè yo ak popilasyon ki gen ti revni yo. Nan pwosesis pou reyalize sa, MPO a te devlope yon pwojè pou politik ki gen enpak diferan/chaj ki pa pwopòsyonèl (ED/EP) ki, pandan FTA ak FHWA pa egzije yo klèman, fikse limit ki pèmèt MPO a detèmine si yon koleksyon pwojè ta lakoz enpak diferan ak/oswa chaj ki pa pwopòsyonèl.

LRTP ki pi resan MPO a, ki Planifye Pwogrè pou 2040, te evalye enpak sa yo, lè l itilize kantite paramèt ki lye ak aksesiblite, mobilite ak kalite lè a. Analiz la te jwenn ke LRTP a ta ka lakoz enpak ki diferan oubyen chaj ki pa pwopòsyonèl. Metodoloji analiz ekite TIP MPO a dwe rafine anvan li ka itilize pou detèmine avantaj ak chaj potansyèl yo.

 

ES.4     ATIK VI AK JISTIS ANVIWONNMANTAL NAN PWOSESIS PLANIFIKASYON MPO A

Enpòtans pou antre ekite transpò nan aktivite planifikasyon ak pwogramasyon MPO yo reflete nan dokiman sètifikasyon MPO yo ki se: LRTP, TIP, ak UPWP. Angajman pou ekite MPO a demontre tou atravè pratik planifikasyon ki baze sou pèfòmans (performance-based planning practice, PBPP) ak pwosesis patisipasyon piblik kontini.

LRTP a dekri politik ak objektif transpò MPO yo epi li ekspoze yon pwogram envestisman pou sistèm transpò rejyon an pou yon peryòd 20 tan e plis. Sis objektif nan Planifikasyon Pwogrè pou 2040 lan, ak objektif ki akonpaye yo, gide pwojè TIP, LRTP, ak UPWP ak chwa etid. Youn nan objektif yo—ekite transpò a—genyen twa objektif ki deziyen pou amelyore aksè ak benefis pou pwosesis planifikasyon transpò a: 1) sible envestisman yo pou yon gwo pousantaj popilasyon ki gen ti revni ak popilasyon minoritè ka benefisye, 2) minimize chaj nan zòn moun ki gen ti revni ak minorite yo, epi 3) diminye baryè pou patisipe nan priz desizyon MPO a.

Chak ane, MPO a devlope yon TIP ki priyorize envestisman transpò sou yon peryòd senk an. Chwa pwojè a gide pa vizyon, sib ak objektif MOP yo, jan li endike nan LRTP a. Pou reponn a objektif ekite transpò a, MPO a te devlope kritè seleksyon pwojè pou evalye si yon pwojè sèvi youn oswa plis popilasyon ki pwoteje, e si li kreye yon enpak diferan oubyen yon chaj ki pa pwopòsyonèl.

UPWP a dekri kijan fon planifikasyon transpò federal rejyon an ap depanse chak ane. Chak ane, MPO a fè yon efò pou chwazi etid UPWP ki abòde dirèkteman oubyen endirèkteman bezwen popilasyon ki pwoteje yo.

MPO Rejyon Boston nan ap travay pou devlope epi mete anplas PBPP li a, kote MPO a ka kontwole epi evalye pwogrè li nan reyalizasyon objektif ki etabli nan LRTP a. Akoz ekite transpò a se yon objektif ki enpòtan anpil, yo te antre l nan PBPP MPO a, kote pèsonèl la ap fè swivi envestisman transpò yo nan kominote minoritè ak kominote ki gen ti revni yo pou asire ke tout zòn nan rejyon yo benefisye de pwogramasyon lajan federal yo.

Plan Patisipasyon Piblik (PPP) MPO a dekri divès aktivite sansibilizasyon ak kominikasyon piblik ke MPO a angaje l nan yo pou asire ke tout manm piblik la genyen opòtinite pou patisipe nan pwosesis planifikasyon transpò metwopoliten an. PPP a idantifye espesyalman fason ke MPO a fè pwomosyon patisipasyon nan popilasyon ki te mal desèvi depi dè tan pa sistèm transpò a, epi/oubyen ki te manke aksè nan pwosesis pou pran desizyon an. MPO a antre sansibilizasyon piblik ki enklizif nan chak aspè nan pwosesis planifikasyon transpò li a.

 

1 Depatman Transpò Massachussetts la (Massachusetts Department of Transportation) se prensipal benefisyè finansman ki soti nan FTA ak FHWA, e MPO se yon sou-benefisyè finansman an atravè MassDOT.