Deklarasyon sou Dwa kont Diskriminasyon ak Pwoteksyon Benefisyè

Pwoteksyon Federal "Kont Diskriminasyon dapre Tit 6"

Boston Region Metropolitan Planning Organization (Boston Region MPO) òganize pwogram, sèvis, ak aktivite li yo dapre lwa federal kont diskriminasyon. Lwa sa a gen ladan l: Tit 6 nan Lwa pou Dwa Sivik 1964 la (Title VI of the Civil Rights Act of 1964, ki rele tou "Title VI"), Lwa sou Restorasyon Dwa Sivik 1987 la (Civil Rights Restoration Act of 1987), ansanm ak tout règleman ak regilasyon ki an rapò avèk lwa sa yo. Tit 6 la defann fè diskriminasyon nan pwogram ki resevwa asistans federal, epi li mande pou yo pa anpeche pèsonn ki sou teritwa Etazini pou yo jwenn avantaj, ak pou yo pa refize yo èd legal, ni pou yo pa fè diskriminasyon okenn lòt jan kont yo nan okenn pwogram ni okenn aktivite ki resevwa asistans federal poutèt ras, koulè, oswa peyi kote yo soti (sa ki vle di tou, moun ki pa pale angle byen). Lwa federal sa yo, ki kont diskriminasyon, epi ki sou kontwòl Federal Highway Administration (Administrasyon Federal pou Granwout), oswa Federal Transit Administration (Administrasyon Federal pou Transpò), oubyen toude ajans sa yo, defann fè diskriminasyon kont moun poutèt laj yo, poutèt yo se gason oubyen fi, oswa poutèt andikap yo genyen. Kategori moun sa yo ki jwenn pwoteksyon sa yo kouvri anba Pwogram Tit 6 Boston Region MPO yo ki annakò avèk entèpretasyon ak administrasyon federal. Epitou, Boston Region MPO pèmèt moun ki pa fin pale angle byen patisipasyon san pwoblèm tout bon nan pwogram, nan sèvis, ak nan aktivite li yo dapre règleman ak direktiv Depatman Transpò Etazini a, jan Dekrè Egzekitif gouvènman federal 13166 la vle l la.

 

Pwoteksyon kont Diskriminasyon nan Eta a

Boston Region MPO respekte tou yon lwa nan Massachusetts ki rele "Massachusetts Public Accommodation Law, M.G.L. c 272 §§ 92a, 98, 98a", ki defann tout kalite distenksyon, ak diskriminasyon, ak restriksyon nan resevwa moun oubyen nan jan yo trete moun nan yon kote ki louvri pou piblik la, poutèt ras, koulè, konviksyon relijye, peyi kote moun soti, si yon moun se gason oubyen fi, oryantasyon seksyèl, andikap, oswa zansèt moun lan. Menm jan an, Boston Region MPO respekte yon règleman ki rele "Governor’s Executive Order 526, section 4", ki vle pou tout pwogram, aktivite, ak sèvis Eta a mete, fè, bay lisans, bay sibvansyon, finanse, règlemante, oswa siyen kontra avèk yo, dwe travay san fè diskriminasyon ilegal kont pèsonn poutèt ras, koulè, laj, konviksyon, relijyon, peyi kote moun soti, si yon moun se gason oubyen fi oswa jan li prezante tèt li sou kesyon sa a, oryantasyon seksyèl, andikap, oswa si moun lan te nan sèvis militè (sa ki vle di tou pandan epòk veteran Vyetnam lan), oswa poutèt jan moun lan ye oubyen jan li te aji nan tan pase.

 

Enfòmasyon siplemantè

Pou mande plis enfòmasyon sou Tit 6 ak sou règleman federal oubyen règleman Eta a ki an rapò avèk li, sou kesyon diskriminasyon, ou mèt pran kontak avèk biwo ki nan adrès sa a:

 

Title VI Specialist

Boston Region MPO

10 Park Plaza, Suite 2150

Boston, MA 02116

617-973-7100

TTY: 617-973-7089

publicinformation@ctps.org

Title VI Specialist

MassDOT, Office of Diversity and Civil Rights (ODCR)

10 Park Plaza

Boston, MA 02116

857-368-8580

TTY: 857-368-0603

MASSDOT.CivilRights@state.ma.us

Pou depoze yon plent

Pou depoze yon plent kont sa ou kwè ki yon vyolasyon Tit 6 la oubyen yon lwa federal ki gen rapò avèk li kont diskriminasyon, kontakte espesyalis Title VI (ki nonmen pi wo la a) anvan 180 jou pase, apre dat diskriminasyon ou kwè yo komèt la.

Pou depoze yon plent kont sa ou kwè ki yon vyolasyon lwa nan Eta a ki rele "Public Accomodation Law", kontakte Komisyon Massachusetts kont Diskriminasyon an (Massachusetts Commission Against Discrimination) anvan 300 jou pase, apre dat diskriminasyon ou kwè yo komèt la. Men adrès la:

Massachusetts Commission Against Discrimination (MCAD)

One Ashburton Place, 6th Floor

Boston, MA 02109

(617) -994-6000

Nimewo TTY pou moun ki pa tande byen: (617) -994-6196